Aprann kouman pou nou korije yon paj, fè eksperyans nan bak sab la,
epitou vizite Paj Kominote a pou ou ka jwenn kouman ou kapab korije
yon atik kounye a.
Si ou toujou pèdi apre ou li paj èd, ou mèt kite yon mesaj nan kafe
nou. Y ap reponn kesyon ou osi vit ki posib.
Lajan sa ap ede 0,7% moun nan peyi a, sa kap reprezante 660 moun; men
nou pa konte nan èd sa rekonstriksyon wout, lekòl, kay ki anba dlo ak
tout lòt bezwen ayisyen yo ...
Si nou gade byen, ayisyen yo nan dyaspora kapab bay 1500 fwa plis
lajan ki Inyon Ewopeyèn pou ede Ayiti ki nan tout tribilasyon sa.
Yon moun byen, ki tap genyen kèk richès ak bon kè, ta kapab bay plis
ke 27 peyi, 27 eta pou ede Ayiti ki ap mouri san ke pyès moun pa gen
konsiderasyon pou nasyon sa; sa n ap tann Ayisyen yo? Sa nap tann ?
...
...nouvèl sa manke referans sou li
AIHC (Asosyasyon Enjenyè Ayisyen-kanadyen) òganize yon vizyokonferans
ant Ayiti epi Kanada nan pwojè "Repanse Ayiti ak jenès ayisyèn an",
yon gwo pwojè ki leve anpil ankourajman nan domèn edikasyon : plis ke
50% popilasyon ayiti jenn, genyen mwens ke 21 lane, chomaj nan peyi a
nan kategori etidyan yo atenn valè 57%, jenn yo se potomitan peyi a ! 
Ayiti manm nan Gwoup Rio (Gwoup Contadora), òganizasyon sa, ki poko
ofisyèl, ap mache pou kò l pou li fè manm li yo mache ansanm, bay plis
fòs nan tout akò ekonomik ant yo (amerik latin - Kolonbi, Venezyela,
Nikaragwa)
Nimewotasyon telefonik nan peyi Ayiti ap pase de 7 a yui chif. Nou
dwèt mete douvan tout nimewo yo yon 3 pou apèl anlè sèlfon, yon 2 si
se anlè telefon fiks lakay; pa egzanp : 628 4587 anlè yon sèlfon ap
vini 3628 4587
Kanaval 2008 nan Pòtoprens, Chan mas, Rale mennen vini pou yon Ayiti
vèt, yon siksè malgre tout pwoblèm ayisyen ap konnen kounye a.
Aimé Cesaire se yon ekriven, powèt, politisyen matinikè. Li se papa
matinikè yo, li se lidè ak kreyatè mouvman "Negritude" (Negritid) ki
ap revandike istwa ak pozisyon nèg afriken, karibeyen. Ekriven ayisyen
Franketienne di de Cesaire ke li te yon gran mapou : "Yon gran mapou
tonbe"
